Nan yon nòt pou lapres, manm Konsèy Sekirite Nasyon Zini yo eksprime enkyetid yo genyen konsènan enpas politik Ayiti retwouvel depi kèk tan an. Yo soulinye nesesite ki genyen pou tout aktè politik yo chita ansanm, epi angage yo imediatman nan yon dialòg pou yo fòme yon gouvènman ki reponn a bezwen pèp Ayisyen an san pèdi tan.
Manm Sekirite Nasyon Zini yo fè konnen yo konstate efò san pran souf ke Biwo Entegre Nasyonzini a an Ayiti (BINUH) ap fè, ansanm ak bon wòl biwo reprezantan espesyal sekretè general pou Ayiti a. Yo mete aksan sou nesesite ki genyen pou ke tout moun ki konsène yo pou yo pwofite de opòtinite sa a, epi aji prese prese.
Manm Konsèy Sekirite yo raple nesesite ki genyen pou ke gouvènman Ayisyen an panche l sou sak lakòz enstabilite ak povrete an Ayiti a. Yo mande ak tout moun ki enplike nan kriz la pou yo pa fè vyolans, men pou yo chache rezoud pwoblem yo de moyen pasifik. Manm konsèy Sekirite Nasyon Zini an mete aksan tou sou enpòtans ki genyen pou ke moun ki responsab zak vyolans yo pran responsabilite yo, epi pou viktim yo jwen jistis. Manm yo site ka viktim vyolans ki te fèt nan dat 13 ak 14 novanm 2018 la nan Lasaline, ansanm ak zak vyolans ki te fèt nan dat 4 a 7 novanm sou Bèlè.
Nan fen nòt pou laprès la, manm Sekirite Nasyon Zini yo renouvle angajman yo pou yo travay ak Ayiti pou li ka debouche sou wout pou l vin yon peyi demokratik, ki gen lapè ak sekirite alavni.