Manm Kongrè ameriken an, k ap negosye sou yon bidjè definitif pou ane fiscal 2019 la, rive jwenn sa yo rele “yon akò an prensip” pou finanse konstriksyon yon nouvo miray sou fwontyè amerikano-meksiken an epi evite yon lot fèmti gouvènman an nan fen semèn sa a; sepandan kesyon k ap poze a se: Eske Prezidan Trump pral aksepte siyen li?
Yon gwoup palmantè –ki te gen ladan n manm tou lè 2 pati yo- te negosye seryezman pou yo finalize akò a byen ta lendi 11 fevriye a. Daprè asistan palmantè yo, pwopozisyon sa a gen ladan n yon sòm yon milya 375 milyon dola pou konstrui yon miray tou nèf sou fwontyè a, k ap gen 88 kilomèt de longè. Lajan sa a reprezante yon ka sòm Prezidan Trump te mande a, swa 5 milya 700 milyon dola. Antant la prevwa tou amelyorasyon sistèm teknolojik ki sèvi pou fè siveyans nan divès pwen sou fwontyè a, san bliye le fèt ke li ofri plis ajan pou dwàn ki nan rejyon an ak plis èd imanitè.
Depite ak Senatè yo rive jwenn antant la nan menm moman kote Prezidan Trump te monte sou yon podyòm nan vil El Paso, o Tegzas, pou l te patisipe nan yon meeting de mas kote tèm nan sete yon apèl pou mande miray la. Misye Trump deklare:
“Sanble nou fèk resevwa kèk bon nouvèl; men sa k konnen vrèman? Nou bezwen miray la, nou dwe konstrui li e nou dwe konstrui li rapidman.”
Jiskaprezan, Prezidan Trump poko fè kòmantè sou antant manm Kongrè yo jwenn nan -yon antant ki, si Kongrè a apwouve li epi Prezidan an siyen li-- kapab mete fen nan menas k ap pandye sou tèt anviwon 800 mil anplwaye Leta federal pou yo pa travay oubyen ale travay san touche, paske sa ka lakoz yon lòt fèmti gouvènman an pou mank finansman. Sa ta rive 3 semèn aprè yon fèmti rekò 35 jou te pran fen. Lajan pwopoze a kapab bati miray nan zòn Vale Rio Grande a, nan pati sid Eta Tegzas.