Accessibility links

Breaking News

Kawo ak Danje sou Wout Jounalis Kap Fè Repòtaj sou Kriz la nan Venezuela


Jounalis nan Venezuela
Jounalis nan Venezuela

Nan peyi Venezuela, gouvènman Nicholas Maduro a kontinye sere boulon an sou près lib la. Pandan 4 lane ki pase yo, Venezuela pèdi 32 plas sou Endis Mondyal Laprès Lib, kote li degrengole desann nan 148èm plas la sou 180 peyi. Si yon ògàn de près kritike gouvènman an, otorite yo fèmen l; yo arete jounalis yo oubyen yo rann lavi yo enposib, e Misye Maduro pale anpil fwa de "lagè media yo".

Men jounalis yo nan Venezuela ap fè fas ak plis pwoblèm ke baboukèt otorite yo mete sou laprès; y-ap viv nan yon peyi ki pa sispann plonje nan tyouboum. Lavwadlamerik pale ak direktè ou redaktè an chèf 3 òganizasyon laprès diferan sou difikilte jounalis yo ap konfwonte chak jou.

Entèvyou ak Janeth De Abreu, Editè nan TV Venezuela

"TV Venezuela se yon chèn Televizyon pa kab ki difize Ozetazini. Sa pa gen lontan, nou te inogure yon chèn televizyon sou YouTube nan Venezuela, paske gouvènman-an te bloke siyal VIVO Play pandan manifestasyon 2017 yo; moun pat ka jwenn li. Nou bay nouvèl chak jou e nou chache fè sa an dirèk toutotan nou kapab."

Entèvyou ak Luis Carlos Parada, repòtè nan VIVO Play

"Veso sa yo plen dlo; men pati sa a koule e nou te oblije mete lakol endistriyèl ladann pou l pat koule."

Entèvyou ak Cesar Batiz, direktè El Pitazo

“Pratike pwofesyon jounalis la nan Venezuela se yon gwo defi. Pwoblèm poze pou jounalis lè yo kouvri yon evènman e lè yo sibi nwizans, lè moun vòlè zafè yo oubyen bat yo. Pa ekzanp, repòtè nou yo pran kou anba men 2 kan politik yo : ni gouvènman an ni opozisyon-an.”

Entèvyou ak Maria Jesús Vallejo, repòtè pou El Pitazo

“Mwen se yon repòtè pou El Pitazo, e mwen fè repòtaj sou kominote pòv-yo. Travay sa a enpòtan anpil. Paske ou ka aprann diferans ki genyen ant sa w aprann lekòl, sa pwofesè yo di w ak sa ki pase vrèman nan reyalite a."

"Kèk fwa, mwen pè lè m nan lari a. Mwen pè lè m nan lari-a lannwit, paske mwen konn rete travay ta, e lè-m kite biwo-a, mwen gen pou m deplase a-pye pou m al lakay mwen paske pa gen transpò piblik."

"Kèk fwa m pa konnen si sa m-ap fè-a merite pou m bay tet mwen tout traka sa yo. Natirèlman kèk fwa m santi travay map fè a itil anpil, e ap gen yon moman kote yon moun pral repase nouvèl yo pou wè ke gen moun ki pa respekte dwa lòt."

"Mwen panse ke travay-mwen ak piblikasyon-m-yo ap gen itilite pou fè nou-menm pèp-la pa repete erè nou te fè nan le pase."

Entèvyou ak Cesar Batiz, direktè El Pitazo

“Lè gen blakawout nou kreye grafik sa a pou nouvèl. Avèk sa, nou voye enfòmasyon bay moun pou fè yo konnen ki vil ki gen blakawout an pati oubyen ki nan blakawout total man."

"Sitiyasyon kounye-a pou jounalis nan zòn riral-yo, li menm pi difisil akoz agresyon, pèsekisyon ak siveyans kap fèt tout tan. Mwen vrèman apresye kouraj ak kwayans repòtè yo nan sa y ap fè isit la nan El Pitazo."

Entèvyou ak Laura Helena Castillo, editè nan El Bus TV)

“BusTV se yon pwogram nouvèl ke nou prezante abò otobis nan Venezuela. Nou moute nan otobis-yo e nou bay nouvèl yo pou yon piblik ki preske pa gen aksè oubyen ki pa gen aksè ditou ak medya endepandan yo oubyen ak Entènèt la."

"Sa se nanm travay-nou-an; nou pa tann piblik la vin jwenn nou. Nou ale jwenn piblik la."

Entèvyou ak Juan Pablo Lares, etidayn naratè nan El Bus TV

Men Nouvèl El BusTV Capitol. Se premye emisyon-nou pou jodi 16 Avril 2019 la.

"Malgre kondisyon lavi-nou pa diferan ak pa lòt moun, nou pa gen dlo e anpil nan nou pa gen elektrisite. Sa pa fè nou anyen. Sèl sa nou konnen, sè ke toutotan nou gen chans pou n fè sa n renmen an, pa gen pwoblèm. Se travay nou pou n enfòme pèp la.

"Travay nou nan El BusTV se tankou nou bliye reyalite-a, nou bliye tout mizè n ap pase kòm moun kia viv nan Venezuela. Se yon sitiyasyon k-ap fè nou vin pi solid kòm jounalis e kòm sitwayen Venezuela."

Entèvyou ak Omarela de Pablos, Naratè Elèv nan El Bus

“Youn nan bagay ki pi enteresan se gade reyaksyon moun yo. N ap enfòme yo e nou wè si yo renmen enfòmasyon-an ou pa. Se sa nou renmen: nou renmen wè moun-yo ap resevwa enfòmasyon nan moman sa a."

Entèvyou ak Laura Helena Castillo - El Bus TV

“Nou menm, nou pa yon ògàn de près k-ap chache gen yon gran piblik; nou vle al jwenn moun sa-yo ki pa ka jwenn enfòmasyon, ki pa gen aksè ak medya endepandan yo oubyen ak entènèt. Se piblik sa a nou vize.”

“Pa gen anyen ki ka fè n plezi plis, ki ka ban nou plis satisfaksyon pase lè yon moun mande nou ki lè yo pral òganize pwogram vaksinasyon an, oubyen lè yo mande-nou plis enfòmasyon sou maladi difteri, oubyen ki kote yo pral pwojte yon fim gratis. Pa gen pi gwo satisfaksyon pou nou pase sa.”

XS
SM
MD
LG