Accessibility links

Breaking News

Ka Vyòl Kont Medam yo Ogmante ane Pase a nan Peyi Dayiti


Nan kad efò pou sispann vyolans k ap fèt sou fanm ak jèn fi ann Ayiti, òganizasyon dwa moun, Human Rights Watch, pibliye yon rapò sou sitiyasyon medam yo k ap viv nan kan moun deplase yo.

Avokat dwa moun ki te travay sou rapò sa, Amanda Klasing, di nou: “Si li (yon fanm) gen pwoblèm avèk vyolans, kadejak, tou sa. Nou fè rapò a sou sitiyasyon an. Kouny e a n ap pledwaye, fè presyon sou gouvènman an pou l chanje sitiyasyon an.”

Toujou nan kad vyolans k ap fèt sou fanm yo, Komisyon Fanm Viktim Pou Viktim (KOFAVIV), an kolaborasyon ak yon òganizasyon dwa moun Ozetazini, Digital Democracy (demakrasi dijital), mete sou pye yon nimewo telefòn medam yo ka rele pou rapòte abi sa yo.

Nimewo sa a se 5-7-2 e youn nan patnè òganizasyon an Emily Jacobi di nou:

“Patnè nou KOFAVIV mete sou pye sant dapèl 5-7-2 a pou nenpòt moun ki viktim kadejak oswa abi pou yo ka rele e konenn kibò yo ka jwenn sant medikal ki pi pre a.

E si yo rele nan 72 zèd tan, sant lan ap ede prevni tranzmisyon maladi seksyèl epi detekte gwosès.

Nimewo sa a ap konekte yo tou ak yon yon rezo sivivan k ape de yo jwenn apui psycholojik e sosyal plis sipò legal.”

Klike sou flèch ki anlè atik la pou w koute repòtaj Coralie Saint-Louis

XS
SM
MD
LG