Accessibility links

Breaking News

Mouvman K ap Mande "Jistis Rasyal" Ozetazini ap Rale Plis Patizan anvan Eleksyon 2020 an


Manifestan ki te rasanble nan dat 8 jen 2020 nan vil Minneapolis, Eta Minnesota, nan kad Mouvman "Lavi Moun Nwa Gen Enpòtans", pou yo te mande jistis pou George Floyd, yon ameriken nwa ki te mouri anba men lapolis.
Manifestan ki te rasanble nan dat 8 jen 2020 nan vil Minneapolis, Eta Minnesota, nan kad Mouvman "Lavi Moun Nwa Gen Enpòtans", pou yo te mande jistis pou George Floyd, yon ameriken nwa ki te mouri anba men lapolis.

Ozetazini mouvman pwotestasyon k ap pwopaje depi kèk semèn san rete atravè tout peyi a, kote manifestan yo ap reklame jistis rasyal, rive demonte kèk estati sou pyedestal yo, fòse gouvènman kèk vil entèdi lapolis bay prevni kle-kou lè y ap arete yo, an menm tan ke sa rive fè plis sektè rekon t fèt ki rele “Juneteenth nan, swa jou anivèsè desizyon gouvènman ameriken te pran pou l dekrete emansipasyon esklav yo Ozetazini.

Sepandan, kesyon ap poze pou mande si mouvman ki rele “Black Lives Matter” a, oubyen “Lavi Moun Nwa Gen Enpòtans”, rive atire ase moun ki vrèman angaje vizavi mouvman an, ase moun k ap leve vwa yo pou yo gen yon enpak tout bon sou chanjman ki ale lwen ak refòm fondamantal y ap mande nan peyi a pou Lèzetazini pa retounen nan gwo jan kòm devan, nan menm biznis kòm avan, yon fwa mouvman pwotestasyon an va fin pa kanpe?

Jay Brown, yon manifestan nwa k ap viv nan vil Washington, D.C., e ki t ap pwoteste tou pre La Mezon Blanch nan yon zon ki rele “Lavi Moun Nwa Gen Epòtans”, pale avèk Lavwadlamerik pou l di repons la se “Wi”. Misye Brown deklare:

“Pèp mwen an ap leve kanpe e li pral kontinye batay la.”

Zòn ki rele “Lavi Moun Nwa Gen Enpòtans la” e ki pa lwen ak palè nasyonal ameriken an, reprezante katye-jeneral mouvman pwotestasyon yo nan kapital federal Lezetazini an depi jounen 25 me pase a, jou kote nwa ameriken George Floyd te mouri anba men lapolis nan vil Minneapolis, Eta Minnesota -yon ensidan ki choke konsyans anpil abitan vil Washington kote moun tout kalite ras ap viv e ki te pwovoke dèy ak kòlè nan lari plizyè vil nan peyi a. Misye Brown ajoute:

“Sa k ap pase la a se yon mouvman nasyonal ki pral debouche sou nouvo lwa ki va pwoteje moun nwa nan peyi isit.”

Lè Lavwadlamerik poze Jay Brown kesyon pou mande l èske li panse Lèzetazini rive nan yon pwen non-retou avèk demach k ap fèt pou egzije jistis rasyal la, li reponn: “San di pètèt, mwen pa genyen okenn dout sou sa.”

XS
SM
MD
LG