Accessibility links

Breaking News

Jij Kou Siprèm yo Pran Dezisyon Kont Imigran yo Arete K ap Mande Liberasyon


Kek Polisye kanpe devan yon kloti ki pwoteje Kou Siprem nan kom mezi sekirite, Lendi 13 Jyen 2022 nan Washington.
Kek Polisye kanpe devan yon kloti ki pwoteje Kou Siprem nan kom mezi sekirite, Lendi 13 Jyen 2022 nan Washington.

Kou Siprèm Etazini an pran yon deisizyon kont imigran k ap chache liberasyon apre yo fin pase anpil tan an detansyon pandan y ap konteste lòd depòtasyon yo.

Nan 2 ka jij tribinal la tande lendi, yo deside ke imigran ki pè pèsekisyon si yo voye yo tounen nan peyi natal yo, pa gen okenn dwa, dapre lwa federal Etazini, pou yo gen yon deyans pou detèmine si yo ka peye yon kosyon pou yo sòti nan prizon. Jij yo di desizyon sa a valab kèlkeswa longè tan yon migran pase an detansyon.

Yon lòt kote, ak yon vòt 6 kont 3, Jij yo deside tou pou yo limite kapasite imigran yo pou yo fome yon gwoup devan tribinal la. Jij Sonia Sotomayor bay opinyon li sou desizyon sa a lè li ekri pou di sa "pral kite anpil moun ki pa sitwayen ameriken vilnerab e san kapasite pou yo pwoteje dwa yo."

Nan ane ki pase yo, pi gwo tribinal ameriken an te pran desizyon ki de plizanpli limite pa rapo ak aksè imigran yo ta dwe genyen ak sistèm tribinal federal Etazini.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG