Accessibility links

Breaking News

Minis Jisitis Amerirken an Desite Pote Desizyon Kou Dapèl Richmond an Devan Lakou Siprèm


Plizyè santèn moun mache devan Inivèsite Harvard la pou pwoteste kont dekrè sou entèdiksyon vwayaj pou sitwayen nan kèkpeyi mizilman pou pa antre Ozetazini. Cambridge, Massachusetts, 7 mas 2017 (Foto:AP/Charles Krupa.)
Plizyè santèn moun mache devan Inivèsite Harvard la pou pwoteste kont dekrè sou entèdiksyon vwayaj pou sitwayen nan kèkpeyi mizilman pou pa antre Ozetazini. Cambridge, Massachusetts, 7 mas 2017 (Foto:AP/Charles Krupa.)

Minis Jistis Etazini an, Jeff Sessions, fè konnen li pwal mande Kou Siprèm pou l rekonsidere desizyon yon kou dapèl ki bloke dekrè Prezidan Donald Trump pou limite vwayaj moun k ap soti nan 6 peyi an majorite Mizilman pou antre nan peyi Etazini.

Minis Sessions pibliye deklarasyon sa a vandredi 26 me 2017 la kote li di: "Dekrè Prezidan Trump lan rete byen nan limit otorite legal li pou l bay nasyon an sekirite.”

Yon tribinal dapèl nan vil Richmond, Eta Vijini, te pran desizyon pou l pa remete an aplikasyon yon dekrè Prezidan Donald Trump te pran pou l entèdi pandan yon peryòd 3 mwa sitwayen 6 peyi kote majorite popilasyon an se mizilman antre sou tèritwa ameriken an. Tribinal la pran desizyon an nan jounen jedi 25 me 2017 la; li fè konnen dekrè prezidansyèl la se tou senpleman yon "entèdiksyon kont mizilman". Jij 4èm kou dapèl Lèzetazini an pibliye desizyon yo a nan yon dokiman 205 paj kote yo di:

“Dekrè prezidansyèl sa a se egzatteman sa Misye Trump te pwomèt pandan kanpay elektoral la e apre eleksyon an; sa vle di se yon diskriminasyon kont mizilman yo."

Panèl la, ki te gen 13 jij ladan n, site mesaj sou Twitter, entèvyou Misye Trump te bay ak deklarasyon li te pibliye sou sitwèb kanpay elektoral li a kòm prèv ki montre karaktè enkonstitisyonèl dekrè prezidansyèl la.

XS
SM
MD
LG