Ministè lasante Palestinyen an rapote bonè lendi 4 avril 2018 la lanmò yon sitwayen Gaza solda izrayelyen tire pandan yon manifestasyon ki tap dewoule semen pase a.
Lanmò sa a fe yon total 17 moun pou pipiti ki mouri dapre responsab palestinyen yo. Plizyè santèn lòt blese nan konfwontasyon. Lame izrayelyenn fè konnen sòlda li yo te louvri kout zam sou manifestan yo sèlman lè yon kantite nan yo tap eseye kraze miray fwontyè a e yo tap voye wòch ak bonm ensandyè ( kòktèl molotòv) sou yo.
Izrayèl di tou 10 nan manifestan ki mouri yo se te teroris ki t ap eseye fofile kò yo pou travèse fwontyè a.