Accessibility links

Breaking News

Ikrèn Rann Omaj ak yon Sòlda ki Mouri sou Chan Batay kont Fòs Ris yo


Solda Ikrenyen rann yon denye omaj ak kanmarad yo Oleh Yurchenko ki mouri sou chan batay la kont fos Ris yo nan rejyon Donetsk la, Dimanch 8 Janvye 2023.
Solda Ikrenyen rann yon denye omaj ak kanmarad yo Oleh Yurchenko ki mouri sou chan batay la kont fos Ris yo nan rejyon Donetsk la, Dimanch 8 Janvye 2023.

Sòlda Ikrenyen, manm fanmi ak senp sitwayen te rasanble anba gwo fredi ki genyen nan vil Kyèv, kapital Ikrèn, pou rann omaj a yon sòlda ki pèdi lavi li nan yon batay kont fòs Ris yo nan vil Bakhmut.

Vil estratejik la anba syèj sou fwon ès la.

Fineray sòlda a te dewoule sou plas Endepandans Kyèv la Dimanch. Majò Oleh Yurchenko mouri nan Bakhmut 2 Janvye pase a.

Sòlda kanmarad li yo te pote sèkèy li pandan lòt te ajenou.

Yon twonpèt te jwe epi yon gwoup chantè te chante im pandan yon prèt Ortodòks te prezide fineray la. Yon afè 200 moun te prezan.

Yurchenko, 45 an, te gen kòm ti non jwèt "Kè kontan." Li te volontye pou goumen ak lame a apre Larisi te anvayi Ikrèn 24 Jiyè 2022.

XS
SM
MD
LG