Otorite Pre Dezas ak Sekou yo nan tèt ansanm ak Inite Idwo Meteowolojik Ayiti dekrete yon Alèt Oranj sou teritwa peyi a nan moman siklòn Irma, ki tounen yon ouragan kategori 5 kontinye menase plizyè peyi nan Karayib la.
Pòt pawòl sant Meteowoloji a, Chrisnette Saint Georges fè konnen Ayiti kapab santi efè siklòn Irma a disi jedi 7 septanm 2017 la kap vini an pi patikilyèman nan nò, nòdwès, nò dès ak sant. Madam Georges, di siklòn Irma ap deplase a 22 kilomèt alè e li ka rive sou kot ti antiy yo lannuit madi 5 septanm nan.
Dapre Dr. Jerry Chadler nan Sant Operasyon Dirjans Nasyonal kap jere risk ak dezas la, anpil mezi deja adopte yon fason pou enfòme popilasyon an pou l ka rete alabri anvan menm siklòn nan rive sou Ayiti.