Nan okazyon retou Prezidan Moise la, sendika yo ak manm yo, lidè opozisyon an ak patizan yo pwoteste devan ayewopò entènasyonal kapital la.
Ann Ayiti, Prezidan Jovenel Moise retounen nan Pòtoprens vandredi 22 septanm 2017 la aprè li te pran lapawol jedi nan 72èm sesyon odinè Asanble Jeneral l'ONU an nan New York.
Lidè ayisyen an te abòde, antwòt, dosye sa yo: plan devlopman gouvènman li a pou Ayiti; responsablite Nasyon Zini nan eklatman epidemi kolera nan peyi a; jenn ayisyen kap kite peyi yo pa bann e pa pakèt pou y'al viv nan peyi etranje, lit kont koripsyon, travay pou kore efò pou tabli eta de dwa ann Ayiti, elatriye.
Nan okazyon retou Prezidan Moise la, lidè sendika yo ak manm yo, dirijan opozisyon an ak patizan yo te chanje yon pwogram pwotestasyon ki te fikse pou vandredi a e yo te pran randevou devan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture la pou yo manifeste kont divès desizyon gouvènnman Moise-Lafontant pran.
Klike sou lyen anlè a pou plis detay sou jan retou Prezidan Moise la dewoule avèk korespondan nou Renan Toussaint.