Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Prezidan Jovenel Moïse Konvoke Palman an Alekstraòdinè pou Ratifikasyon Politik Jeneral Premye Minis Nome a


Prezidan ayisyen an Jovenel Moise a goch, ak Premye minis nome a Jean Henry Ceant pandan seremoni prezantansyon Mesye Céant kòm premye minis nan Palè Nasyonal Pòtoprens, Ayiti, 7 out 2018. Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares - RC153ACCD410
Prezidan ayisyen an Jovenel Moise a goch, ak Premye minis nome a Jean Henry Ceant pandan seremoni prezantansyon Mesye Céant kòm premye minis nan Palè Nasyonal Pòtoprens, Ayiti, 7 out 2018. Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares - RC153ACCD410

Nan yon nòt ki pibliye nan jounal Le Moniteur e ki date mèkredi 12 septanm 2018 la, Prezidan ayisyen an konvoke 50èm lejislati an ann asanble nasyonal an ijans sou ratifikasyon premye minis nome a, Jean Henry Céant.

Nòt la di: selon atik 91-1, 92-2, 105, 106, 107;

Lè nou konsidere 2 sesyon òdinè asanble Palman an klotire 2èm lendi mwa septanm nan.

Lè nou konsidere kòman li ijan pou premye minis deziye a fè deklarasyon politik jeneral li.

Nou konvoke kò lejislativ la nan yon sesyon ekstraòdinè mèkredi 12 septanm 2018 la.

Sesyon ekstraòdinè sa a pral chita sou ratifikasyon deklarasyon politik jeneral premye minis la.

Sesyon sa a ap fini jsikaske pwosesis ratifikasyon an fini.

Prezidan Sena a, Joseph Lambert, te deja anonse nan seyans kloti 50èm lejislati a ke prezidan repiblik la kapab konvoke palman an alekstraòdinè pou ratifikasyon politik jeneral premye minis nome a, Jean Henry Céant.

Pandanstan, Premye demisyonè a Jack Guy Lafontant ak kabinè li ap kontinye likide afè kourant san yo pa angaje leta a nan okenn nouvo kontra. Enfòmasyon ki tap sikile nan laprès ann Ayiti fè kwè premye minis nome Jean Henry Céant te menase pou l demisyone si tout fwa li ta oblije rekondui minis planikasyon Aviol Fleurant nan nouvo gouvènman an. Yon sitiyasyon konsa dapre anpil analis tap mete peyi nan pozisyon kote li gen 2 premeye minis demisyonè.

Mèt Jean Henry Céant si toutfwa ta jwenn ratikikasyon li ap gen pou fè fas ak yon pakèt defi ekonomik, sosyal, politik e latriye. Sanbliye bliye dosye koripsyon ak Petro Caribe a Prezidan Jovenel Moïse deja konfye li.

Premye minis sòtan an, Jack Guy Lafontant te remèt Presidan Moïse lèt demisyon li nan kòmansman mwa jilyè a sou presyon sektè komès la apre dezòd ak dechoukaj plizyè antrepriz prive 6 ak 7 jiyè 2018 pase a suit ak yon anonse sou ogmantasyon pri gaz. Yon anons gouvènman te oblije kouri antre nan tiwa.

XS
SM
MD
LG