Nouvèl sou dosye konsènan viktim kolera yo ann Ayiti fè konnen yon tribinal nan New York ki te resevwa demand pou l tande doleyans militan kap defann dwa viktim yo rejte demand la sou baz ke l ONU, Òganizasyon Nasyon Zini ta benefisye iminite diplomatik nan tout peyi kote lap opere.
Dapre nouvèl ki te sòti nan katye jeneral l ONU, nan New York, nan dat 12 jiyè 2017 pase a, Asanble Jeneral lONU an te adopte yon rezolisyon,, pou l transfere lajan ki ta dwe rete nan kòb ki te pou sèvi pou finansman operasyon misyon li an pou Stabilizasyon Ayiti (MINUSTAH) a sou fon ki la pou konbat epidemi kolera nan peyi a.
Misyon MINUSTAH (ki pase 13 zan ann Ayiti) pral pran fen nan mwa doktob kap vini la a, e Sekretè Jeneral la, Antonio Guterres, fè konnen, apre depa twoup l ONU yo, gen 40 milyon 500 mil dola ki pral rete.
Mèt Brian Concannon, youn nan avoka kap egzije dedomajman finansye pou viktim yo di Lavwadlamerik, antwot, desizyon tribinal la pa etone li; men lit la ap kontinye.
Klike sou lyen odyo a pou w tande yon entèvyou avoka kap defann fanmi moun ki mouri anba maladi Kolera a, Mèt Brian Concannan, bay Lavwadlamerik nan mikwo Jacquelin Belizaire.