Accessibility links

Breaking News

Gwo Koken Chen Fuze SpaceX la Eksploze Kèk Minit Apre Lansman


Lansman SpaceX la depi baz Starbase la nan Boca Chica, Texas, Jedi 20 Avril 2023.
Lansman SpaceX la depi baz Starbase la nan Boca Chica, Texas, Jedi 20 Avril 2023.

Nouvo gwo koken chen fuze SpaceX la eksploze kek minit sèlman apre lansman li epi tonbe nan Golf Meksik la. Sete premye vol esè li.

Konpayi Elon Musk la te vize voye fuze a, ki mezire 120 mèt de longè, fè yon vwayaj ale-retou an patan depi pwent sid Texas, tou pre fwontyè Meksik la. Vreman vre, fuze a pi wo pase Statu Libète a nan vil Nouyok.

Fuze a patap transpote okenn moun ni satelit.

Li te sipoze separe epi egzekite yon vol ki dire 90 minit pou antre nan lespas. Sepandan mwenske 4 minit apre lansman an, yon emisyon an dirèk te montre pati anwo fuze Starship la pat separe jan li te sipoze fe a epi degringole pito.

Fuze a te pran dife apre sa.

Responsab Space X yo te bat bravo pou lansman an kanmenm, e yo deklare epizod bref la yon sikse.

Elon Musk, ki se fondate ak egzekitif an chef Space X te felisite ekip li sou Twitter. Li di "Nou aprann anpil bagay pou pwochen ese nou va fe nan kek mwa.

Direkte La NASA, ajans spasyal Etazini an, Bill Nelson, te dako. Nan mesaj li pibliye sou Twitter li di "tout gwo akonplisman nan listwa mande pou pran risk kalkile - e tout gwo risk pote gwo benefis. Nap tann pou konnen tout sa SpaceX aprann, pou pwochen vol la epi lavni.

SpaceX genyen plan pou l sèvi ak fuze Starship la pou voye moun ak kago tounen nan lalin epi evantyèlman sou planèt Mars la.

Yo te ranvwaye lansman ki te sipoze fèt Lendi a akoz yon pyès ki te kole.

Yon pakèt spektatè te suiv lansman an a yon distans plizye kilomèt ak pis lansman an, ki sitye nan Boca Chica Beach, Texas, kote ke otorite yo te entedi piblik la antre.

XS
SM
MD
LG