Accessibility links

Breaking News

Jistis USA: Jijman Patwon Dwòg Meksiken, Joaquin "El Chapo" Guzman, ap Kontinye nan Brooklyn, N.Y.


Joaquín "El Chapo" Guzmán (mitan) ak avoka li, Eduardo Balazero (goch) nan kòmansman jijman an nan Brooklyn, NY. 13 nov 2018.
Joaquín "El Chapo" Guzmán (mitan) ak avoka li, Eduardo Balazero (goch) nan kòmansman jijman an nan Brooklyn, NY. 13 nov 2018.

Joaquin “El Chapo” Guzman, yon patwon dwòg meksiken ki nan men lajisis Lèzetazini, ap jije sou akizasyon deske li te dirije pi gwo operasyon trafik dwòg nan lemond. Avoka akizasyon yo fè konnen Guzman te nan tèt yon katèl dwòg ki puisan anpil nan Depatman Sinaloa a, o Meksik, sòti nan kòmansman pou rive nan mitan ane 2000 yo, yon operasyon ki rive transfòme trafik dwòg la Ozetazini. Daprè menm avoka yo, katèl la te itilize rezo sekrè kèk tinèl anba tè ki te nan rejyon fwontyè 2 peyi yo pou l te transpòte plizyè tòn ewoyin, kokayin ak lòt kalite dwòg ki te sòti nan Amerik di Sid avèk Meksik. Sous la ajoute Guzman te reprezante mastèbrenn yon mouvman ki te pwovoke pi fò nan zak vyolans ki te devaste plizyè pati nan peyi Mesik.

Joaquin "El Chapo" Guzman ki te rive nan vil Meksik anba men lapolis aprè yon kokenn chenn operasyon nan rejyon Los Mochis, Eta Sinaloa, 8 janvye 2016.
Joaquin "El Chapo" Guzman ki te rive nan vil Meksik anba men lapolis aprè yon kokenn chenn operasyon nan rejyon Los Mochis, Eta Sinaloa, 8 janvye 2016.

Guzman gen pou ti non jwèt “El Chapo” oubyen “Ti Koutkout”… sa ki atire atansyon sou wòtè li ki se yon mèt 67. Li genyen repitasyon kòm yon nonm moun pè anpil-anpil. Nouvèl yo fè konnen li ta patisipe pèsonèlman nan asasina 30 moun pou pi piti e li te jwenn mwayen kontinye dirije katèl dwòg li a (yon katèl ki te rapòte anpil lajan) menm lè li te nan prizon.

Youn nan avoka k ap defann patwon dwòg la, Mèt Jeffrey Lichtman, ensiste pou l di Guzman te sèvi tou senpleman kòm yon paravan pou kòk otorite meksiken ak ameriken kowonpi, plis pi gwo dilè dwòg la nan lemond –yon moun yo pa janm idantifye. Avoka a ajoute prezidan meksiken Enrique Pena Nieto, lidè ki te vini imedyatman anvan Nieto a, avèk yon gwo otorite nan Ajans Ameriken pou Kontwòl Dwòg la (DEA), se 3 nan moun ki te resevwa plizyè milyon dola pou yo te pwoteje “El Chapo”…

Emma Coronel (mitan), madanm Joaquin Guzman, pandan li t ap kite Tribinal Federal la nan Brooklyn, N.Y., aprè pwosè a te ouvè nan jounen madi 13 novanm 2018 la.
Emma Coronel (mitan), madanm Joaquin Guzman, pandan li t ap kite Tribinal Federal la nan Brooklyn, N.Y., aprè pwosè a te ouvè nan jounen madi 13 novanm 2018 la.

Joaquin Guzman gen pou l reponn 17 chèf akizasyon –-pami yo genyen akizasyon pou asasina, trafik dwòg avèk blanchiman lajan. Misye plede “non koupab” pou akizasyon yo. Si jijman an debouche sou kondanasyon li, li kapab pase tout rès vi li nan prizon.

XS
SM
MD
LG