Ane 2017 la reprezante 12 ane afile kote espesyalis yo konstate deklen nan jwisans libète a travè lemond, daprè rapò anyèl Freedom House pibliye sou libète endividyèl nan majorite peyi yo sou Planèt la. Rapò a site, yon kote, Lachin, Larisi, ak Kore di Nò kòm peyi kote sitiyasyon an swa pa t evolye, swa te vin pi mal pandan 12 mwa ki pase yo; epi, yon lòt bò, peyi nan amerik Latin nan e sou kontinan Afriken an ki anrejstre pwogrè.
Rapò Freedom House pou ane 2017 la site pawòl espesyalis yo ki di Lachin, Larisi ak Kore di Nò, antwòt, se peyi kote otorite yo te menase stabilite mondyal la ak atak yo te lanse sou libète endividyèl yo; sepandan gen siy ki montre pwogrè ak devlopman fèt nan lòt rejyon sou planèt la, tankou nan Amerik Latin nan ak sou kontinan Afriken an.
Dapre Freedom House, demokrasi ap bese pandan li anba atak prèske tout kote sou planèt la. Arch Puddington, yon ekspesyalis nan Freedom House, fè konnen:
" Pou yon 12èm ane youn apre lot, libète sibi yon deklen sou planèt la. Nou vle di genyen plis peyi ki bay kè sote pou ane 2017 la paske jwisans libète bese olye li amelyore."
Rapò a site Lèzetazini kote ankèt k ap fèt pou konnen si wi ou non Larisi te enplike nan eleksyon prezidansyèl Novanm 2016 la, vin febli estati peyi a kòm yon modèl demokrasi.
Kanpay dezenfòmasyon Larisi mennen pou l enfliyanse rezilta diferan eleksyon nan peyi ewopeyen yo parèt nan rapò a kòm yon faktè ki nui bèl imaj prensip demokratik yo genyen anpil kote sou planèt la. Nan yon peyi tankou Lachin, ekspè yo konstate yon tandans pou ogmante represyon ak kontwòl sou libète sitwayen yo depi prezidan Xi Jinping te monte sou pouvwa a.
Rapò a site sitiyasyon mizilman Royingya yo nan Eta Rakin, nan Myanmar (ansyen Birmani) k al chache refij nan Bangladèch. Dapre rapò a, se pi move kriz imanitè ki frape lemond pandan 12 mwa ki pase yo, e plizyè peyi konsidere sa kòm yon netwayaj etnik; pami peyi sa yo genyen Lèzetazini.
Apre otorite militè yo nan Zimbabwe te pouse do prezidan Robert Mugabe, ekspè yo te pran prekosyon pou yo pa montre twòp optimism pou avni politik peyi a. Yon fwa ankò, opinyon Arch Puddington.
<< Rapò 2017 la montre Zimbabwe sibi yon bès nan egzèsis libète endividyèl yo, prensipalman akoz fason Prezidan Mugabe te pèdi pouvwa a. Fason yo ranplase l sou pouvwa a pa t demokratik ditou. Nou espere nouvo dirijan yo va kenbe kèk nan pwomès yo te fè yo, sitou pwomès pou yo pote refòm ak liberalizasyon epi òganizasyon eleksyon demokratik serye nan ane k ap vini la. >>
Gen siy pwogrè tou nan Amerik di Sid ak Amerik Santral la
menm jan pwogrè fèt nan Meksik kote elektè yo pral vote anvan lontan pou yo eli yon nouvo prezidan. Pou yon 3èm fwa, men pozisyon pwofesè Arch Puddington:
<< Youn pami kandida yo nan eleksyon sa a, se yon kandida popilis; konsa si l ta ranpòte eleksyon an, sa ta vle di se yon triyonf pou libète; e libète sa a ta kapab pote kèk chanjman enteresan nan politik la o Meksik. >>
Ekspesyalis yo nan Freedom House di yo pral obsève eleksyon ane sa a nan peyi tankou Irak ak Afganistan kòm siy pwogrè ki ta dwe debouche sou yon gouvènman sivil malgre lagè ki genyen nan 2 peyi sa yo. Malgre jan sitiyasyon an prezante nan Lachin ak Koredi Nò, ekspesyalis yo kontinye wè siy devlopman politik nan Kore di Sid ak Taywann.
Rapò Freedom House la fini pou di le fèt ke gen divès gouvènman ki eli demokratikman plizyè kote nan lemond pandan 12 mwa ki pase yo e nan peyi ki vle avanse nan direksyon refòm demokratik, se yon bagay ki trè pozitif tou.