Accessibility links

Breaking News

Fòs Sekirite Burkina Faso Tire Gaz Lakrimojèn Sou Manifestan yo


Manifestan nan Burkinan Faso pran lari pou mande demisyon Prezidan Roch Marc Christian Kabore, Samdi 27 Nov. 2021.
Manifestan nan Burkinan Faso pran lari pou mande demisyon Prezidan Roch Marc Christian Kabore, Samdi 27 Nov. 2021.

Fòs sekirite yo tire gaz lakrimojèn sou manifestan ki tap woye wòch nan kapital Burkina Faso a, Ouagadougou.

Tansyon yo ogmante toupatou nan peyi sa a ke konfli finn ravaje. Popilasyon an move kou kòng paske gouvènman an pa rive kwape zak vyolans ke yo sispèk al-Qaida ak Eta Islamik la ap lanse.

Gen plizyè santèn manifestan ki pran lari jodi Samdi a nan maten pou mande Prezidan Roch March Christian Kabore rache manyòk li bay tè a blanch.

Gouvènman an bò kote pa li ap eseye sere boulon manifestan yo. Li sispann sèvis entènèt pou rezo telefonn pòtab yo pandan yon semèn pou rezon sekirite nasyonal, dapre sa responsab yo di.

Prezidan an sèmante pou'l ogmante asistans pou lame a epi mennen ankèt sou lanmò nan zòn Sahel yo. Pandansetan, li lanse apèl bay popilasyon an pou rete kalm.

XS
SM
MD
LG