Accessibility links

Breaking News

Evèk Ayiti yo Opoze Chanjman ki Pwopoze nan Konstitisyon an


 Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, ki t ap pale nan yon konferans pou laprès nan Pòtoprens, jou 2 mas 2020 (Foto Achiv) 
 Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, ki t ap pale nan yon konferans pou laprès nan Pòtoprens, jou 2 mas 2020 (Foto Achiv) 


Evèk yo an Ayiti voye yon mesaj pou mande otorite yo pou yo repanse chanjman yo pwopoze nan konstitisyon nasyon an, nan moman gen tansyon sosyal ak politik.

Konferans Evèk Ayiti a ekri yon mesaj pou pale kont desizyon otorite yo pran pou refòme Konstitisyon an. Evèk yo ensiste pou di yo pa dwe pran yon mezi konsa nan mitan yon kriz sosyo-politik nasyonal. Akoz sitiyasyon sa a, li difisil pou jwenn konsantman tout popilasyon an.

Yon referandòm sou Konstitisyon Fondamantal la pwograme pou 27 jen, men modifikasyon yo te rankontre konsternasyon ni bò kote fòs opozisyon yo ni bò kote moun ki tou pre chèf deta a, Prezidan Jovenel Moise.

Refòm nan t ap amelyore pouvwa prezidan an, k ap fè-fas ak plizyè manifestasyon popilè depi Oktòb 2019, e yo akize Prezidan an deske li ta mele nan koripsyon. Revòlt yo te fòse yo ranvwaye eleksyon lejislatif yo ki te fikse pou janvye 2020, sa ki lakoz gouvènman an ap kontinye gouvène ak dekrè.

Pandemi Covid-19 la agrave kriz sosyal la k ap kontinye, sa ki lakoz prèske 15 mil moun enfekte e plis pase 300 moun mouri. An menm tan, moun ki rete nan peyi d Ayiti viktim vyolans tèrib, akòz gang ame, sa yo rele "eskwadwon lanmò" k ap simen latèrè toupatou, nan yon kontèks enpinite prèske total.

XS
SM
MD
LG