Nan yon apèl ak ofisyèl Kore di Sid ak Japonè yo, reprezantan espesyal Etazini an sou zafè ki konsène Kore di Nò, Sung Kim, "eksprime enkyetid" li sou lansman misil yo e li mande Pyongyang pou l retounen nan dyalòg, dapre yon deklarasyon pòtpawòl Ned Price.
Etazini Mande Kore di Nò 'Sispann' Lansman Misil 'Illegal' li yo

Lèzetazini te mande Kore di Nò lendi pou l "sispann aktivite ilegal ak destabilizasyon li yo," apre Pyongang te tire 2 misil balistik, yon pòtpawòl Depatman d'Eta te di.