Accessibility links

Breaking News

Etazini Apwouve pou Vann, Poul ki Fèt nan Laboratwa


Yon pla poul konpayi Good Meat nan biwo Eat Just la nan Alameda, Kalifoni, 14 Jyen 2023.
Yon pla poul konpayi Good Meat nan biwo Eat Just la nan Alameda, Kalifoni, 14 Jyen 2023.

Depatman Agrikilti Etazini an apwouve Mèkredi poul ke yo kiltive ak selil bèt pa poul vivan ke yo touye - pou vann Ozetazini.

Desizyon sa a vledi konpayi nan Kalifòni Upside Foods ak Good Meat ap kapab vann vyann ki kiltive nan laboratwa nan magazen yo.

Yo kiltive vyann sa a nan gwo tank an asye. Yo pran selil yon bèt vivan oubyen yon ze fètilize oubyen yon seri selil ke yo sere pou fè vyann nan.

Objektif la se elimine mechanste bèt yo sibi epi redui drastikman enpak elvaj bèt sa yo genyen sou anviwonman an.

Pou komanse, yo pral vann vyann sa a sèlman nan restoran boujwa.

XS
SM
MD
LG