Lame peyi End akize fòs Pakistan yo kòm moun ki touye 2 sòlda li e demanbre kadav yo arebò fwontyè nan rejyon Kashmir la ki an diskisyon ant 2 peyi yo.
End sèmante pou l tire revanj pou ensidan an ki pral apwofondi tansyon ant 2 rival yo nan Sid Azi a, pandan relasyon yo desann byen ba depi kèk mwa.
Lame a fè konnen sòlda yo tonbe pandan yo tap fè patwouy lè fòs Pakistan yo te tire kout wokèt ak mòtye sou 2 pòs endyen nan sektè Krishna Ghati lendi 1 me 2017l a.
Lame Pakistan an rejte akizasyon lame End la kòmkwa Pakistanè ta demanbre kadav-yo, e li kalifye yo kòm fo akizasyon e fè konnen li pa vyole sese-l-fe a.
Lame End la te lanse yon akizasyn menm jan an sou Pakistan nan mwa novanm 2016 ane pase a.