Accessibility links

Breaking News

Emirates Sispann Vòl li Ozetazini Akòz Teknoloji 5G a


Mideast Gulf Airlines
Mideast Gulf Airlines

Emirates, konpayi avyon ki soti Dubai sispann tout vòl li genyen ki te konn vin Etazini, paske teknoloji 5G a ba yo anpil kè sote dapre yo 5G ka afekte operasyon avyon yo.

Plizyè konpayi avyon Ameriken te avèti otorite yo nan Lendi sou potansyèl "dezòd" ke deplwaman teknoloji 5G a ka kreye pou yo alantou ayewopò yo.

"Akòz enkyetid operasyonèl ki gen rapò ak deplwaman sèvis rezo mobil 5G yo nan plizyè ayewopò Etazini, Emirates pral sispann vòl nan (nèf) vil Ozetazini".

Mezi sa aplike "apati de dat 19 janvye 2022" nèf ayewopò sa yo: Boston, Chicago, Dallas Fort Worth, Houston, Miami, Newark, Orlando, San Francisco ak Seattle.

XS
SM
MD
LG