Accessibility links

Breaking News

Siklòn Dorian Ap Frape Zile Grann Bahama avèk Van K ap Soufle ak yon Fòs 280 Kilomèt Alè


Moun nan Eta Florid ki t ap fè preparasyon anvan Siklòn Dorian rive sou kòt ès Lèzetazini.
Moun nan Eta Florid ki t ap fè preparasyon anvan Siklòn Dorian rive sou kòt ès Lèzetazini.

Nouvèl ki soti nan Sant Nasyonal Metro Lèzetazini an fè konnen Siklòn Dorian pran direksyon Zile Grann Bahama avèk van k ap soufle tèlman fò, yo reprezante yon menas pou lavi moun, tandiske gwo gren lapli li pote avèk li vin konplike sitiyasyon an avèk gwo bourask van ki akonpaye sistèm nan.

Dorian poze plis danje toujou pou Grann Bahamas paske se tou dousman l ap deplase, swa a sèlman 7 kilomèt alè nan direkson lwès, avèk van k ap soufle a 280 kilomet alè, sètadi yon siklòn kategori 4.

Fato sa a montre yon pye kokoye ki t ap pran gwo frap anba van Siklòn Dorian pandan li t ap pase sou Zile Bahamas yo, dimanch premye septanm 2019 la (Foto: AP/Ramon Espinosa)..
Fato sa a montre yon pye kokoye ki t ap pran gwo frap anba van Siklòn Dorian pandan li t ap pase sou Zile Bahamas yo, dimanch premye septanm 2019 la (Foto: AP/Ramon Espinosa)..

Espesyalis yo nan Sant Nasyonal Siklòn Ameriken an prevwa Dorian pral kontinye vide gwo frap sou Grann Bahama pandan rès jounen lendi a. Li byen kapab lage jiska 30 a 60 sitimèt lapli atravè pati nòdwès zile a, tandiske kantite a ka monte anviwon 75 santimèt nan zòn izole yo. Premye Minis bahameyen an, Hubert Minnis, ki t ap abòde sitiyasyon an nan jounen dimanch premye septanm 2019 la, deklare: “se pi move jou nan tout vi mwen.”

Nou pwopoze ou yon repòtaj Serger F. Michel.

XS
SM
MD
LG