Accessibility links

Breaking News

Diplomat: La Chin Mande Konsèy Sekirite LONU Mete Anbago Sou Lavant Zam Leje ak Ayiti


Reprezantan Konsey Sekirite Nasyonzini vote sou yon rezolisyon ki anvizaje kondane La Risi pou envazyon Ikren nan, Vandredi 25 Fevriye 2022.
Reprezantan Konsey Sekirite Nasyonzini vote sou yon rezolisyon ki anvizaje kondane La Risi pou envazyon Ikren nan, Vandredi 25 Fevriye 2022.

La Chin mande Konsèy Sekirite Nasyonzini an pran yon anbago kont zam leje pou Ayiti, sanksyon endividyèl kont chèf gang yo epi menm apiye lide pou yo ta voye yon fos polis rejyonal ann Ayiti pou jere ensekirite a dapre sa kèk sous diplomatik di Agence France Press Jedi.

Mezi sa yo ta enskri nan kad renouvèlman misyon politik LONU an (BINUH) ki sipoze ekspire Vandredi swa - 15 Jiyè.

Peyi ki responsab pou dosye Konsèy Sekirite a, Etazini ak Meksik, pat prevwa pou ale osi lwen nan premye pwojè rezolisyon yo te prezante, pandan negosyasyon ak lot manm yo sou sijè sa a, dapre sa sous la di AFP.

Sanksyon endividyèl yo anvizaje entediksyon vwayaj ak blokaj byen tou, dapre tèks yon pwojè rezolisyon AFP te wè men ki pa definitif.

Te gen yon vot ki te prevwa pou Mèkredi men yo te ranvaye'l e kounyea yo espere fè'l Vandredi malgre yo poko anonse kileè.

LONU Ranvwaye Vot sou Renouvelman Manda BINUH an
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:02 0:00

Sou dosye Ayisyen an, Peken finn tounen yon aktè kle nan ane ki pase yo nan LONU - notaman akoz La Chin Kominis pa kontan Ayiti rekonèt Taiwan olye limenm ofisyèlman.

Nan pase a, Peken te rejte tout lyen ak Taiwan e li pat mete dlo nan bouch li pou'l denonse Ayiti - ke li konsidere tankou yon peyi kap anfonse l pi plis nan yon kriz politik ak ekonomik malgre pakèt asistans entènasyonal epi angajman LONU pran nan peyi a. Gen tou, operasyon lapè Kask Ble yo te mennen ann Ayiti.

"Fok nou lite kont trafik zam ann Ayiti, pouse otorite politik yo pou souke ko yo, epi menase yo pou'n pran sanksyon jidisyè kont moun ki responsab pou zak vyolans yo," yon sous diplomatik Chinwaz di AFP, sou kondisyon pou yo pa site non li.

XS
SM
MD
LG