Accessibility links

Breaking News

Chanpyòn Jimnastik Amerikèn Mary Lou Retton Entène Lopital ak Neumoni


Retton Illness Gymnastics
Retton Illness Gymnastics

Chanpyòn Jimnastik Amerikèn Mary Lou Retton gen neumoni e lap resevwa swen nan seksyon swen entansif yon lopital nan eta Texas.

Pitit fi Retton nan, McKenna Kelley, pataje eta sante manman li nan yon mesaj li pibliye sou Instagram.

Kelly di atlèt la, ki gen 55 an kounyea, e ki tounen premye fanm Amerikèn ki janm ranpòte tit Olenpik pou meyè pèfòmans nan tout disiplinn Jimnastik yo ap "goumen pou rete vivan" e ke li paka respire poukont li.

Kelly lanse yon kanpay pou kotize lajan pou Retton pou peye frè medikal yo.

Kelly ekri nan mesaj Instagram li, ke Retton pa gen okenn asirans medikal pou kounyea.

XS
SM
MD
LG