Accessibility links

Breaking News

Brezil: Bolsonaro Entène Lopital


Jair Bolsonaro
Jair Bolsonaro

Prezidan brezilyen Jair Bolsonaro, kòmanse ap resevwa swen dijans nan yon lopital jodi a.

Misye Bolsonaro, 66 zan, ki monte sou pouvwa a an janvye 2019, toujou ap fè fas ak pwoblem sante kap fè va e vyen, apre yon atak ak kout ponya li te sibi an 2018 anba men yon nonm fou pandan kanpay elektoral li-a.

Depi lè sa, prezidan brezilyen-an sibi 4 operasyon ki gen rapò ak atanta-a. Yo kouri lopital ak prezidan an jodi Lendi a, kote li entène pou yon posib blokaj nan entesten.

XS
SM
MD
LG