Accessibility links

Breaking News

Biden pral Vwayaje ann Ewòp pou Diskite sou Ikrèn


Sekrete de Pres Lamezonblanch la Jen Psaki pale pandan yon rankont ak la pres nan Lamezonblanch, Washington, Madi 15 Mas 2022.
Sekrete de Pres Lamezonblanch la Jen Psaki pale pandan yon rankont ak la pres nan Lamezonblanch, Washington, Madi 15 Mas 2022.

Prezidan Joe Biden pral Vwayaje ann Ewòp semèn pwochèn pou fè chita tande fas-a-fas ak lidè Ewopeyen yo sou envazyon La Risi nan Ikrèn, sekretè de près Lamezonblanch la, Jen Psaki anonse Madi.

Biden pral rankontre lidè LOTAN ak lidè Ewopeyen yo nan vil Brussels 24 Mas.

Vwayaj la ap fèt apre Vis Prezidan Kamala Harris t al vizite peyi ki Ewòp de lès ki manm LOTAN yo, an palan de Polòy ak Woumani semèn pase a pou diskite sou kriz refije a, ke envazyon La Risi fè nan Ikrèn nan deklanche. Administrasyon Biden nan vle montre sipò li pou alye LOTAN yo.

Minis afè etranje Polonè a di vizit Biden nan peyi li "trè pwobab" lè li vizite Ewòp. Sepandan Psaki di li pa gen okenn lòt detay sou si sa pral fèt vre.

XS
SM
MD
LG