Accessibility links

Breaking News

Biden Kondane Atak Hamas la Kòm 'Enkonsyan'


Prezidan Joe Biden pran la pawol nan Lamezonblanch Samdi 7 Oktob, 2023 nan Washington.
Prezidan Joe Biden pran la pawol nan Lamezonblanch Samdi 7 Oktob, 2023 nan Washington.

Prezidan Etazini Joe Biden kondane sa li dekri tankou atak "enkonsyan" militan Hamas yo lanse kont Israel. Li di administrasyon li pwomèt pou l asire Israel gen "sa li bezwen pou defann tèt li."

Biden te pran la pawòl apre atak sipriz ki soulve kondanasyon toupatou nan mond lan epi soulve kolè bò kote alye Israel yo.

Biden deklare nan Lamezonblanch Samdi ke li di Premye Minis Israelyen Benjamin Netanyahu ke Etazini "kanpe bò kote pèp Israelyen an fas ak atak teworis sa yo. Israel gen dwa defann tèt li ak pèp li - pwen ba."

Prezidan Biden lanse avètisman bay enmi Israel yo pou di "se pa yon moman pou okenn peyi ki ostil vizavi Israel eksplwate atak sa yo pou chache tire avantaj. Le mond ap veye."

XS
SM
MD
LG