Accessibility links

Breaking News

Biden Enspekte yon Pòs Fwontyè Kote ki Gen Anpil Aktivite nan eta Texas


Prezidan Joe Biden suiv pandan gad fwontye yo nan El Paso montre kijan yo chache machin pou dwog, lajan ak lot kontrebann pandan yon vizit nan pos fwontye El Paso a, nan eta Texas, 8 Janvye 2023.
Prezidan Joe Biden suiv pandan gad fwontye yo nan El Paso montre kijan yo chache machin pou dwog, lajan ak lot kontrebann pandan yon vizit nan pos fwontye El Paso a, nan eta Texas, 8 Janvye 2023.

Prezidan Joe Biden enspekte yon pòs fwontyè kote ki gen anpil aktivite nan eta Texas kote lap fè premye vizit li depi li vin prezidan Etazini.

Vizit Biden nan El Paso, Texas, yon vil ki pataje fwontyè ak peyi Meksik vini 2 zan apre li te monte sou pouvwa a. Repibliken yo kritike l poutèt yo di politik li pa fè ase pou ranfòse sekirite a sou fwontyè a, nan moman yon dig dal migran ap rive sou yo.

Biden te suiv pandan gad fwontyè yo te fè demonstrasyon kijan yo chache nan machin pou dwòg, lajan ak lot kontrebann.

Nan yon siy ki montre gwo tansyon politik ki egziste Ozetazini sou kestyon imigrasyon an, Gouvènè eta Texas la, Greg Abbott te remèt yon lèt bay Biden apre li te rive nan eta a ki di "dezòd" ki egziste sou fwontyè a se "rezilta dirèk" echèk prezidan an nan jefò pou l aplike lwa federal yo.

XS
SM
MD
LG