Accessibility links

Breaking News

Biden Chwazi yon Pilòt Aviyasyon Etazini ki Fè Listwa Kòm Pwochen Chèf Deta Majò Etazini


Jeneral Aviyasyon Etazini CQ Brown Jr., madanm ni Sharene Brown ak pitit gason yo Sean ak Ross pandan yon seremoni nan baz aviyasyon Joint Base Andrews, tou pre Washington, 6 Out 2020.
Jeneral Aviyasyon Etazini CQ Brown Jr., madanm ni Sharene Brown ak pitit gason yo Sean ak Ross pandan yon seremoni nan baz aviyasyon Joint Base Andrews, tou pre Washington, 6 Out 2020.

Prezidan Joe Biden pral anonse Jedi, ke li chwazi Jeneral Fos Ayeryèn Etazini CQ Brown Junior, yon pilòt ki fè listwa e ki gen gwo konesans sou Lachin, kòm pwochen Chèf Deta Majo Fòs Zame Etazini.

Si Sena a konfime Brown, sa pral vledi ke pou premye fwa nan listwa tou le 2 responsab militè pi wo plase Pantagòn nan ak pozisyon sivil yo - se nwa Ameriken ki okipe yo.

Sekretè Defans Lloyd Austin se premye chèf nwa Pantagon nan, e li okipe pòs sa a depi kòmansman administrasyon Biden nan.

Si Sena a konfime nominasyon li, Brown va ranplase Jeneral Lame Mark Milley. Manda Milley ap pran fen nan mwad Oktòb la.

XS
SM
MD
LG