Accessibility links

Breaking News

Bato Lopital USNSComfort Ap Fè yon Tune nan Karayib la ak Amerik Latin


FILE - The Navy hospital ship USNS Comfort returns to port in Baltimore, March 19, 2010.
FILE - The Navy hospital ship USNS Comfort returns to port in Baltimore, March 19, 2010.

Anbasad ameriken ann Ayiti mete yon mesaj sou rezo sosyal Twitter l pou l anonse bato lopital ameriken USNSComfort ap vizite Ayiti nan kad toune l ap fè nan Amerik Latin nan ak Karayib la.

An plis de Ayiti, bato lopital la ap vizite Kolonbi, Kosta Rika, Repiblik Dominikèn, Ekwatè, Grenad, Jamayik, Panama, Sent Lisi, Saint Kitts et Nevis, Trinite et Tobago.

Dapre enfòmasyon U.S. Southern Command pibliye sou paj wèb li, "Deplwaman sa a reponn dirèkteman ak kriz imanitè imedya Venezuela la ke rejim Maduro a kreye, " Selon deklarasyon Amiral US Navy Craig Faller, kòmandan Sid Kòmandman Lamarin Etazini, ki pral sipèvize deplwaman an.

“Ekip medikal USNSComfort yo pral travay ansanm ak pwofesyonèl medikal ki pral bay plizyè milye imigran ak refijye Venezyelyen swen."

XS
SM
MD
LG