Pon Ladig ki konekte Depatman Sid ak res peyi Dayiti koupe de bout anba efè gwo van ak inondasyon siklòn Matthew pote nan zòn Tigwav jodi madi 4 oktòb 2016 la. Pon sa ki tonbe a relye pati Lwès ak Depatman Nip ak Grand-Ans.
Elizé Sincere yon jounalis nan Tigwav ki te kominike ak Lavwadlamerik sou WhatsApp fè konnen kominikasyon pa telefòn nan zòn an vin trè difisil.