Accessibility links

Breaking News

Ayiti; Ministè Finans Resevwa Lòd pou Mete Fen nan Franchiz Dwanye Lete a Te Bay Plizyè Komèsan


Kontenèki sou yon pò dantre.
Kontenèki sou yon pò dantre.

Gouvènman ayisyen an, ki te reyini nan Konsèy des Minis mèkredi 23 oktòb la, adopte yon seri rezolisyon pou mande ministè finans mete fen nan tout franchiz dwanyè li te bay sektè dafè a, sitwayen patikilye ak lòt òganizasyon.

Nan yon lòt rezolisyon ministè finans sispann pèman li te gen pou l bay 3 konpayi (E-Power, Sogener S.A e Haytrack) k ap vann leta enèji elektrik. Desizyon sa a pran nan moman leta mande pou renegosye kontra li te siyen ak 3 konpayi sa yo.

Leta tante yon aksyon an jistis kont 2 ansyen minis travo piblik, finans ak direktè EDH ki te siyen kontra ak E-Power an 2008. Rezolisyon an mande travo piblik pou l transfere toutt santral elektrik leta genyen nan peyi a bay EDH. Rezolisyon an mande ministè lajistis pou sekirize tout santral elektrik peyi a.

XS
SM
MD
LG