Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Lavi Tounen yon Kochma pou Ayisyen


Locals carry containers, used for oil and gasoline, during fuel shortages in Port-au-Prince, Haiti, Oct. 24, 2021.
Locals carry containers, used for oil and gasoline, during fuel shortages in Port-au-Prince, Haiti, Oct. 24, 2021.

Popilasyon Ayisyen an ki deja ap fè fas ak defi dezòd politik ak dezas natirèl poze depi plizyè mwa sou teritwa a, konstate kounyea yon degradasyon kondisyon lavi yo ki bay anpil kè sote akòz gang ki kontwole aksè ak tèminal petwòl yo,

"Nou pa gen dlo lakay nou," Daphne Bourgoin ki gen 42 zan deklare.. "Epi pou pitit mwen yo k ap fè klas yo sou entènèt, pou konbyen tan koneksyon entènèt la pral dire?"

Ayiti poko janm ka pwodui ase elektrisite pou satisfè bezwen tout popilasyon an, e menm nan zòn ki stab nan kapital la, kapasite konpayi piblik Électricité d'Haiti a selman kapab asire elektrisite pou kèk èdtan pa jou.

Sa yo ki gen ti mwayen te gen jeneratè: ekipman ki koute chè ki men kiw parèt initil jodi a akoz rate gaz la.

Mank elektrisite ak dlo

Mank diesel la tou, anpeche konpayi yo asire livrezon dlo pa kamyon.

Pou elektrisite, abitan yo bati yon sistèm otonòm lakay yo, paske rezo piblik la pa rive kouvri tout zòn metwopolitèn nan.

Menm lopital yo oblije redwi aktivite yo drastikman.

"Pa gen kouran nan lopital la pou fè aparèy yo mache, pa gen gaz, pa gen anyen", deklarasyon Rachilde Joseph, etidyan medikal nan faz tèminal nan Pòtoprens fè sou Instagram.

"Nou ta renmen rete nan peyi a pou nou bay swen, sitou moun ki nan pwovens yo ki tèlman bezwen li, men peyi a pa ba nou chans sa a," li ajoute ke Ayiti "ap malerezman fini pa pèdi tout jènès li. "

Depi ane 2014, fas ak gwo chomaj, plizyè milye jèn ayisyen te oblije al emigre nan peyi Amerik Latin yo.

Plizyè dizèn milye nan konpatriyòt yo te espere rete Ozetazini, pandan ke yo te rete kwè ke yo ta pral benefisye de pwogram TPS la ke administrasyon Biden lan ofri pou kek Ayisyen. Se pou rezon sa yo nan ete 2021 an yo te kite peyi Amerik Latin yo pou ale Etazini .

Nan kòmansman mwa septanm lan anba yon pon sou fwontyè ant Meksik ak Etazini, sèvis migrasyon Ameriken te depòte plis pase 7,500 moun.

Vag depotasyon sa te soulve enkyetid òganizasyon pou rezon imanitè paske peyi a te deja plonje nan gwo ensètitid apre asasina Prezidan Jovenel Moïse la.


"Eta echwe"

Foto Achiv: Ariel Henry pran la pawol apre kom nouvo Premye Minis Ayiti, 20 Juiye, 2021.
Foto Achiv: Ariel Henry pran la pawol apre kom nouvo Premye Minis Ayiti, 20 Juiye, 2021.

Ariel Henry, ki nonmen kòm premye minis kek jou anvan asasina prezidan Jovenel Moise, ap dirije peyi a kounyea sou yon baz pwovizwa men li poko janm soti okenn kominike sou sitiyasyon gaz la, ki paralize tout aktivite yo.

"Gouvènman an, ki la a, pa ka kontwole anyen ditou,menm perimèt lokal li yo", deklarasyon ekonomis Etzer Emile bay AFP. "Kriz gaz la se dènye egzanp ke eta a echwe".

"Kòm si enflasyon ki sove, k ap kontinye monte dola a (sou goud la, lajan lokal la), ensekirite alimantè, koule sèvo, kidnaping pa t ase, nou te bezwen yon gwo mank de gaz ak yon gouvènman fantom ki responsab komedyen ak neglijans, " li afime.

Gang yo komèt plis pase 782 kidnapin pou ranson depi kòmansman ane a, dapre Sant pou Analiz ak Rechèch sou Dwa Moun (RNDDH), ki baze nan Pòtoprens.

Youn nan gang ame ki pi pwisan nan peyi a mande $17 milyon ranson pou libere yon gwoup misyonè - 16 sitwayen ameriken ak yon sitwayen kanadyen - li kidnape depi 16 oktòb.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan AFP

XS
SM
MD
LG