Daprè yon repòtaj korespondan Lavwadlamerik nan Pòtoprens Orpha Dessources, "Otorite ayisyènn yo intèdi sikilasyon zam sou tout teritwa peyi a pou jounen eleksyon an." Selon menm sous la, yon enspektè jeneral lapolis ki se alatèt komite planifikasyon ak estrateji pou sekirite eleksyon yo, Jean St. Fleur, deklare ke tout inite PNH yo ap pran pozisyon nan tout 10 depatman peyi a nan dimanch eleksyon an.
Klike sou lyen anlè atik la pou tande repòtaj Orpha a.