Core Gwoup la ki gen ladann reprezantan Sekretè Jeneral Nasyonzini an ann Ayiti, anbasadè Brezil, Kanada, Lafrans, Espay, Etazini ak Unyon Ewopeyen nan, reyaji nan yon nòt pou laprès li pibliye jedi 29 desanm 2016 la yon jou apre Konsèy Elektoral Pwovizwa a te anonse li repòte rezilta definitif prezidansyèl la pou 3 janvye 2016.
Nan nòt sa a ki pote siyati Pòtpawòl Misyon Nasyon Zini an Ayiti a (MINUSTHA ), Ariane Quentier, Core Gwoup la di li pran nòt konsènan desizyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a, e li mande pati konsène yo pou yo tann avèk pasyans e serenite rezilta sa yo.
KEP a te fè konnen nan mèkredi 28 desanm pase a li oblije ranvwaye piblikasyon rezilta yo ki te fikse pou 29 desanm la. Ranvwa sa gen pou wè ak pwosesis verifikasyon 1560 pwosè vèbal jij BCEN yo te otorize a ki poko rive nan bout li.