Nan pòtoprens pòt pawòl adjwen Polis Nasyonal la (PNH), Enspektè Prensipal Garry Desrosiers, deklare otorite yo ap chache 5 jenn gason ki ta sanble enplike nan yon zak vyòl ak zam nan men yo sou yon jenn fi. Enspektè Desrosiers mande konkou popilasyon an pou yo kapab rive mete men sou akise yo epi tradui yo devan lajistis.
Klike sou lyen odyo pou tande deklarasyon pòt pawòl adjwen PNH la nan mikwo korespondan Lavwadlamerik Orpha Dessources.