Accessibility links

Breaking News

Apre Etazini Fin Leve Restriksyon sou Vwayaj yo, Etranje deja Pare pa Milye Pou yo Vizite Peyi a


Yon pasaje ki pral Ozetazuni ap woule malèt li nan saldatant la anvan li pran avyon nan ayewopò Charles de Gaulle nan vil Pari, 8 Nov. 2021.
Yon pasaje ki pral Ozetazuni ap woule malèt li nan saldatant la anvan li pran avyon nan ayewopò Charles de Gaulle nan vil Pari, 8 Nov. 2021.

Etazini leve restriksyon li te enpoze sou moun k ap chache antre sou tèritwa li an sòtan yo nan peyi tankou Meksik, Kanada ak pi fò eta ewopeyen yo. Desizyon sa a pèmèt moun ki nan peyi sa yo vwayaje pou al wè fanmi ak zanmi ke yo pa t ka vizite depi prèske 2 zan. An menm tan sa ap bay endistri transpo avyon an ak tourism nan yon bon bourad apre tout move konsekans yo te sibi akoz pandemi KOVID-19 la.


Moun ki abite nan Kanada ak Meksik nan zòn ki tou pre frontyè peyi sa yo ak Etazini espesyalman te sibi move konsekans sa yo. Yo pa t ka fè ale-vini ant peyi yo ak Etazuni --jan yo te toujou abitye fè sa; konsa, sou plan komèsyal la, yo te pèdi anpil bèl okazyon pou yo te fè pwofi.

Nouvo règleman yo antre ann aplikasyon lendi 8 novanm, pou pèmèt tout vwayaj ki pa esansyèl fèt atravè fwontyè Etazini si etranje k ap antre nan peyi a vaksinen kont KOVID-19.

Yon lòt kote, règleman yo ap pèmèt vwayaj pa avyon ant plizyè peyi ak Etazini ki te entèdi anvan sa pou pwoteje ameriken yo kont pwopagasyon maladi KOVID-19.

XS
SM
MD
LG