Grèv anjan dwanye, Otorite Pòtyè Nasyonal yo, APN, sou yon 6 jou. Youn nan revandikasyon ajan dwanye yo se estati espesyal ke yap mande gouvènman an yon fason pou yo kapab fè travay yo san yo pa bezwen tan yon otorizasyon. Sepandan dapre otorite gouvènmantal yo, estate espesyal sa a ta dwe pibliye nan mwa doktòb kap vini an.
Pami lòt revandikasyon ajan dwanye yo se dosye transfè anplwaye yo. Dapre yo, yon ajan dwanye ki nan pòs sipèvizè, pa ekzanp, kon tranfere nan yon lòt pòs kote li rive nan nouvo pòs sa a ak estati yon semp anplwaye.
Grèv sa a, afekte plizyè biznis ann Ayiti kote machandiz perisab ap gate paske yo pa dedwane atan, ak faktori ki pa kapab resevwa materyèl yo enpòte pou travay regilye yo, yon kondisyon prezidan ADI a, asosyasyon Endistri Dayiti a, Georges Sassine denonse.
Dapre Mesye Sassine, plizyè faktori ki gen plizyè milye anplwaye kap travay chak jou oblije fèmen pòt yo. Yon faktori nan Klèsin ki gen anviwon 3 mil anplwaye oblije fèmen pòt li; yon lòt nan Karakòl ki gen 12 mil moun fèmen tou suit ak grèv anplwaye APN yo kap kontinye.
Sekretè deta finans la, Ronald Decemere, di Lavwadlamerik ministè finans prè pou chita pale ak grevis yo.ki bò kote pa yo fè konnen se ak Premye Minis Jack Guy Lafontant yo vle rankontre paske dosye a pa devan ministè a. Mesye Decemere di tou dwan nan ap fonksyone jan l kapab pou kounye ak yon gwoup anplwaye ki pa nan grèv la.
Pòt pawòl anplwaye grevis yo, Michelson Nelson, bò kote pal denonse dezòd nèg ame ap fè nan dwan yo. Nèg ki vin dedwane machandis ak zam fann fwa konn tire pou panike yo, dapre pòt pawòl ajan grevis yo. Mesye Nelson mande leta aysiyen pou pran responsabilite l nan sans sa a. Konsènan enpak grèv la genyen sou peyi, Mesye Nelson fè konnen otorite ministè finans yo ta dwe wè ke dwann nan se pa yon enstitisyon ki ta dwe kanpe.