Accessibility links

Breaking News

Etazini: Ankèt Kongrè a ap Mennen sou Lamezon Blanch Gen Efè sou Mache Bousye a


Yon nonm kap gade tablo elektwonik ki afiche enfòmasyon sou mache bousye a nan Tokyo, Japon. 18 me 2017.
Yon nonm kap gade tablo elektwonik ki afiche enfòmasyon sou mache bousye a nan Tokyo, Japon. 18 me 2017.

Mache labous la sibi yon bès e dola ameriken an fè bèk atè nan moman palmantè repibliken yo ap poze tèt yo kesyon pou konnen sak pral pase apre nan dosye ankèt sou lokatè Lamezon Blanch la.

Repibliken yo gen kè sote paske gen plizyè ankèt kap dewoule nan Kongrè a kont Prezidan Donald Trump kòmkwa li tap eseye fè presyon sou ansyen direktè FBI la James Comey pou mete fen nan ankèt kap fèt sou ansyen konseye sekirite nasyonal Lamezon Blanch, Michael Flynn.

Anplis desa, Kongrè a ap chache detèmine pou kisa Mesye Trump te devwale bay kèk diplomat enfòmasyon sekrè pandan yon vizit yo tap fè nan biwo Oval Mezon Blanch la.

XS
SM
MD
LG