Accessibility links

Breaking News

American Airlines Diminye Sèvis li Pou Ayiti


Foto Achiv: Avyon American Airlines yo prepare pou yo dekole nan ayewopo Logan nan vil Boston, Massachusetts, 21 Jiye, 2021.
Foto Achiv: Avyon American Airlines yo prepare pou yo dekole nan ayewopo Logan nan vil Boston, Massachusetts, 21 Jiye, 2021.

American Airlines VOA Kreyol pa email ke apati Lendi li pap opere 3 vòl chak jou ankò ant Port-au-Prince ak Ayewopò Entènasyonal Miami. Desizyon sa a te pran akòz pwoblèm ensekirite an Ayiti, avyon yo vwayaje vid nan peyi a.

Pòtpawòl American Airlines la Laura Masvidal di VOA ke efektiv "lendi 15 Novanm, nou pral redwi vòl nou an Ayiti a yon sèl vòl chak jou ant Pòtoprens (PAP) ak Miami (MIA)."

Deklarasyon an prezante ekskiz bay kliyan yo tou.

"Nou prezante ekskiz nou bay kliyan ki afekte yo e nap travay pou re-akomode yo sou lot vol," pot pawol American Airlines la deklare.

Depatman d'Eta te di VOA Kreyol semen pase a ke "Sitwayen Ameriken ki ann Ayiti ta dwe konsidere retounen Ozetazuni," se kapab youn nan rezon ki fè avyon k ap prale nan peyi a vid, e sa vin fòse konpayi aeryen yo diminye sèvis yo.

XS
SM
MD
LG