Accessibility links

Breaking News

Air Canada Sispann Vòl li Tanporèman sou Ayiti


Yon avyon Air Canada, Airbus A320-200 ki tap prepare l pou l ateri nan Ayewopò Entènasyonal Vancouver nan Richmond, British Columbia, Canada, 5 fevriye 2019. REUTERS/Ben Nelms
Yon avyon Air Canada, Airbus A320-200 ki tap prepare l pou l ateri nan Ayewopò Entènasyonal Vancouver nan Richmond, British Columbia, Canada, 5 fevriye 2019. REUTERS/Ben Nelms

Air Canada sispann tout vòl li an direksyon Ayiti pou 2 mwa. Nouvèl sa rive suit ak dezòd ki te eklate nan Pòtoprens yo pandan 2 semèn kòmanse depi 7 fevriye 2019 la kote opozisyon politik la te lanse plizyè jounen manifestasyon pou mande demisyon Prezidan Jovenel Moïse sou pouvwa a malgre apèl o dyalòg chèf leta a li menm bò kote pal te lanse yon fason pou rive jwenn yon solisyon nan kriz politik e sosyal peyi a.

Lavi chè, pri pwodui alimantè ak degringolaj goud la parapò ak dola a vin agrave sitiyasyon sosyal yo dapre plizyè obsèvatè. Pandan dewoulman dènye manifestasyon yo, peyi a te paralize akoz sèn vyolans ak piyaj nan plizyè katye komèsyal nan kapital la ak wout ki te bloke nan plizyè vil pwovens. Etranje ki tap vizite peyi a pat ka reprann chemen pou ayewopò jan yo te espere sa. Lòt medya entènasyonal rapòte difikilte sitwayen kanadyen ak lòt etranje rankontre lè pou yo retounen lakay yo.

Avyon ki tap antre ann Ayiti te vole prèske vid. Vizitè etranje tap kouri kite Ayiti. Malgre sitiyasyon an sanble kalm nan dènye jou sa yo apre diskou Prezidan Jovenel Moïse ak chèf gouvènman an Jean Henry Céant ki pwomèt amelyorasyon nan sitiyasyon lavi popilasyonan an, Ayiti twouve l sou lis peyi ki reprezante yo risk vizitè etranje. Òganizasyon touristik entènasyonal yo retire peyi a tou sou lis destinasyon touristik tanporèman.

XS
SM
MD
LG