Accessibility links

 
Achiv Nasyonal Rekipere Plis Pase 100 Dokiman Sekrè Lakay Trump an Janvye
Breaking News

Achiv Nasyonal Rekipere Plis Pase 100 Dokiman Sekrè Lakay Trump an Janvye


Kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago, nan Palm Beach, Florid, Mekredi 10 Out, 2022.
Kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago, nan Palm Beach, Florid, Mekredi 10 Out, 2022.

Achiv Nasyonal ak Administrasyon Dokiman Etazini rekipere plis pase 100 dokiman ki te gen etikèt sekrè sou yo - pou yon total plis pase 700 paj nan 15 bwat dokiman li te pran kay ansyen Prezidan Donald Trump, Mar-a-Lago pi bonè ane sa a.

Se sa korespondans piblik ki fèk devwale, e ki te fèt ant gwoup avoka Trump yo ak ajans gouvènmantal sa a fè konnen.

Chif sa yo jete limyè sou gwo volim dokiman sekrè ke yo te jwenn lakay Trump nan Florid, byen lontan anvan FBI te fouye pwopriyete a mwa sa a.

Nan fouy pi resan an, Depatman Jistis Etazini di li jwenn e wetire 11 gwoup dosye sekrè nan kay la.

XS
SM
MD
LG