Te gen anpil aktivite nan Sant Konvansyon Miami a, nan South Beach kote Ayisyen ak etranje ki enterese nan Ayiti te reyuni pou yon konferans ki gen kom tem "Sustainable Haiti" sa vle di tabli yon sosyete kote sitwayen yo ak ekonomi a gen mwayen pou yo jwenn tout sa yo bezwen an menm tan yo eksprime pi gwo potansyel yo. Met sou sa fok peyi a gen mwayen pou soutni e kontinye kwasans sa a a long term.
Se konsa de milye moun te vide nan Sant Konvansyon an pou koute diskisyon sou suje tankou: wol ak responsabilite jounalis yo, responsabilite gwo komesan kap fe biznis ak Ayiti, desantralizasyon, tourism, agrikultu, ak konstruksyon.
Diskisyon ki te gen plis patisipasyon an sete konferans sou desantralizasyon ke ansyen Premye Minis Ayisyen, Michele Duvivier Pierre-Louis te prezante. Yo te kole konferans sa a ansanm ak diskisyon sou PADF ( Pan American Development Foundation) ki gen kom anbasade akte Ayisyen-Ameriken Jimmy Jean Louis.
Madan Pierre Louis te souliyen istwa egzod moun nan pwovens yo nan direksyon Potoprens; dapre chif li bay nan prezantasyon "power point" li a, nan komansman syek la kapital la te gen 60,000 abitan. Kounyea populasyon an depase 2.5 milyon.
"Li le pou nou komanse panse diferaman anski konsene relasyon an 'Republik Potoprens' la ak res peyi a" Madan Pierre-Louis deklare.
Ansyen premye minis la di fok gouvenman an travay pou rebati pwovens yo tou epi ba yo resous ki ta pemet yo reponn tout bezwen yo san pase pa Potoprens.
Konferans sou wol ak responsabilite jounalis yo limenm ki te gen kom patisipan ansyen manm sevis Kreyol Vwad' Lamerik la, Yves Colon sugjere ke lapres Ayisyenn ta dwe konsantre pi plis sou istwa senp sitwayen yo olye yo prezante selman deklarasyon responsab gouvenman yo.
" Sa ke map travay ak jounalis yo se konsantre sou istwa moun ki deyo a, manman pitit papa pitit, pa konsantre sou istwa ki sa gouvenman an ap fe," Colon deklare. Misye ajoute li kwe gen yon chanjman ki pral fet nan fason jounalis yo travay Anayiti men fok gen anpil fomasyon tou.
Akte Jimmy Jean-Louis ki jwe nan pwogram televizyon popile Ameriken "Heroes" la se anbasade Fondasyon Panameriken pou Devlopman an. Misye te pale ak anpil emosyon le'l tap rakonkte kijan tranbleman de te a afekte fanmi li e li di sa rache ke li le li we destruksyon ak la pen pep Ayisyen an. Misye okipe pos sa a depi un an edmi, e travay li konstrantre sou timoun Anayiti sitou.
"Mwen kontan travay ak PADF, " Misye Jean Louis deklare. "Fok nou konprann kestyon Ayiti a se yon kestyon ki seryeu.... distribusyon manje a pa finn sa net." Akte a di apre tranbleman de te 12 Janvye a, Fondasyon an te kole tet ansanm ak pwop fondasyon pa li "Hollywood Unites For Haiti" pou ede pep la.
Pi fo moun ki te asiste konferans la te gen komante pozitif e yo te di fok stil konvesasyon sa yo ta kontinye. Men yon kritik nou tande plizye fwa nan dives konferans sete mank prezans Ayisyen kap viv Anayiti yo. Moun sa yo di fok yo ta swa envite Ayisyen sa yo vini nan konferans la oubyen oganize konferans la Anayiti.
Francois Guillaume Jr, ki se manm Chanm Komes Ayisyen-Ameriken Miami an di yo gen pwoje pou yo fe sa nan yon avni ki pa two lwen.