Accessibility links

 
Yon Delegasyon Kongrè Ameriken an Ap Vizite Ayiti
Breaking News

Yon Delegasyon Kongrè Ameriken an Ap Vizite Ayiti


Prezidan Chanm depite ameriken an, Nancy Pelosi, vwayaje Ayiti ansanm ak yon gwoup palmantè (demokrat e republiken) pou al wè kijan sitasyon an ye ann Ayiti, yon mwa apre tranblemann' tè ki devaste nasyon karayib la.

Nan yon kominike li publiye vandredi 12 fevriye a, madan Pelosi di delegasyon (5 senatè ak 7 depite) nan chanm nan pral jete yon kout-je sou efò rekonstriksyon ki sou pye nan repiblik ayisyen an anvan Kongrè a deside ki kalte asistans, alontèm, li pral ofri Ayiti.

Delegasyon an gen pou'l retounen Ozetazini nan fen sware menm vandredi 12 fevriye a.
Vizit delegasyon Kongrè Ameriken an tonbe yon jou anvan direktè Ajans Amerikèn pou Devlopman an (USAID) Rajiv Shah, chèf kòmandman Sid Etazini an, jeneral Doublas Fraser, ale Ayiti. 2 pèsonalite yo pral gade kijan pwosesis rekonstriksyon an ap pwogrese anvan konferans bayè de fon entènasyonal yo anvizaje òganize mwa pwochen nan Nasyonzini pou diskite sou sitiasyon ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG