Accessibility links

 
Otorite Ameriken Rapatriye Plizyè Dizèn Ayisyen Ki te Pran Lanmè pou Ale Florid
Breaking News

Otorite Ameriken Rapatriye Plizyè Dizèn Ayisyen Ki te Pran Lanmè pou Ale Florid


Otorite Amerikèn yo mennen retounen nan vil Kap-Ayisyen plizyè dizèn ayisyen ki te pran lanmè nan direksyon Eta Florid apre tranbleman'n tè a.

Responsab Gad Kòt yo fè konnen otorite zile Bahamas te entèsepte Ayisyen sa yo samdi pase a ouès zile Gran Exuma. Yo ajoute otorite yo mande asistans Lèzetazini pou voye "boat people" sa yo tounen Ayiti.

Gad Kòt di ayisyen yo te monte abò youn nan bato li yo pi bonè nan semèn nan e yo te resevwa manje, dlo, abri ak swen medikal.

Otorite yo ajoute gouvènman ameriken an toujou ap veye posibilite pou pa gen plis Ayisyen ki chache pran chemen Etazini nan ti bato po pistach apre tranblemand' tè 7.0 degre sou nechèl Richter 12 Janvye pase a. Yo di pou kounye a, pa gen okenn siy ki montre gen yon pakèt ayisyen kap pare pou yo pran lanmè.

XS
SM
MD
LG