· Kounye a, Anbasad amerikèn nan Pòtoprens an mezi pou l evakye sitwayen ameriken sèlman, eksepte nan sikonstans nou pral site yo :
· Lè timoun ki sitwayen ameriken ap vwayaje Ozetazini avèk yon adilt ki akonpaye li, adilt sa a pa oblije yon sitwayen ameriken.Li pi bon si moun sa a ta yon paran timoun nan, osinon yon manm fanmi li.
· Se yon sèl adilt yap pèmèt akonpaye yon timoun ki sitwayen ameriken kap vwayaje Ozetazini e adilt sa a pa oblije yon sitwayen ameriken.
· Si gen dezoutwa timoun ki sitwayen ameriken nan yon menm fanmi, se toujou yon sèl moun yap pèmèt akonpaye yo Ozetazini e moun sa a pa oblije yon sitwayen ameriken.
· Sonje, paran timoun ki sitwayen ameriken an oblije bay moun kap akonpaye timoun nan yon papye ki di yo otorize li vwayaje avèk timoun nan.
·
Sonje tou, paran
timoun nan dwe dakò pou yo remèt gouvènman ameriken an lajan tikè pou ni timoun
nan ni moun kap akonpaye l la.
Nou konnen byen pakèt pèt trajik anpil fanmi ayisyen sibi.
Etazini pran angajman pou l ede rebati Ayiti e ede peyi a rekanpe sou 2 pye l.
Klike sou lyen ki anlè atik la pou w koute nòt pou laprès sila a.