Accessibility links

 
Ajan Sèvis Sekrè Tire Sou Yon Moun ki te Gen Zam Sou li Toupre Mezon Blanch
Breaking News

Ajan Sèvis Sekrè Tire Sou Yon Moun ki te Gen Zam Sou li Toupre Mezon Blanch


FILE - A Secret Service agent walks near the north portico of the White House on Dec. 2, 2024.
FILE - A Secret Service agent walks near the north portico of the White House on Dec. 2, 2024.

Ajan Sèvis Sekrè yo, ki gen responsabilite pou pwoteje prezidan ameriken an, te tire sou yon nonm ki te zam sou li toupre Mezon Blanch nan lannwit samdi pou rive dimanch.

Sa te rive pandan prezidan Donald Trump t ap pase fen semèn nan nan rezidans li, Mar-a-Lago, nan Florid, dapre sa yon pòtpawòl fè konnen.

Sitwayen sa a te al pran swen lopital, men otorite yo pa bay detay sou eta sante li.

Pat gen okenn ajan sèvis sekrè ki te viktim pandan ensidan sila a, dapre sa pòt pawòl ajans la, Anthony Guglielmi, te di sou X.

Lapolis lokal te alète ajan sèvis sekrè yo sou prezans yon nèg ki gen entasyon pou li komèt "swisid" e ki te vwayaje soti Indiana pou vin Washington.

Bò minwi konsa, yo te jwenn machin li estasyone toupre a nan yon lari ki tou pre Mezon Blanch la.

Ajan yo te wè yon sitwayen ki sanble ak sispèk yo t ap chache a.

Deklarasyon an kontinye pou l di, "Pandan ajan yo t ap pwoche, sispèk la te lonje yon zam afe epi te gen konfwontasyon, e pèsonèl nou yo te tire sou li".

XS
SM
MD
LG