Anons sa a, ki fèt samdi, make relansman karyè politik li aprè li te pase plizyè ane an ekzil akoz akizasyon agresyon seksyèl ki tap peze sou li.
Cuomo espere mennen yon kanpay fò, malgre eskandal ki te fòse li demisyonnen kòm gouvènè nan ane 2021 an kontinye ap fè li mal.
Li antre nan yon kous ki gen anpil kandida, pami yo majistra aktyèl la, Eric Adams, ki pou kounye a ap fè fas ak akizasyon federal pou koripsyon.