Prezidan Chanm Depite Etazini an, Mike Johnson, ap fè tout sa l kapab pou plan bidjè Repibliken an apwouve nan palman an semèn sa a.
Se yon pa nan direksyon reyalizasyon "gwo e bèl" plan Prezidan Donald Trump la ki pwopoze $4,5 trilyon rediksyon enpo ak $2 trilyon rediksyon nan depans leta.
Sepandan Johnson ap fè fas ak gwo opozisyon bo kote Demokrat yo e menm kèk Repibliken.
Johnson paka pèdi okenn vwa Repibliken paske pati a gen yon majorite tou mens nan Lachanm.
Depite yo gen pou vote sou plan an Madi swa, men li poko klè si y ap apwouve l.
Repibliken yo jwenn ke pwoblèm redui depans leta pa osi fasil ke yo te kwè, paske gen anpil moun nan distri yo reprezante ki depann sou Medicaid ak lot sèvis sosyal ke yo anvizaje redui.